Ane sa fè 23 lane depi òganizayon feminis yo ap selebre ofisyèlman 3 avril, Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn. Jounen sa se rezilta gwo jounen manifestasyon ki te fèt jou ki te 3 avril 86, apre depa diktatè Jean Claude Duvalier kote fanm yo tap revandike dwa yo.
Jounen mèkredi 3 avril 2019 la, Fanm Deside sòti deklarasyon sa a jounen jodya, pou denonse move Pratik ki chita sou eksklizyon ak diskriminasyon fanm yo ap viktim cha jou. Fanm Deside yon òganizasyon feminis kap klewonnen yon pwojè sosyete ekilibre, kote dwa tout moun dwe respekte fanm kou gason, ap pwofite okazyon jounen 3 avril la pou atire atansyon tout moun sou gwo anje/defi kap menase mouvman feminis ayisyen nan. Youn nan gwo defi sa yo, se absans fanm yo nan tout espas kote desizyon ap pran.
Se pou sa Fanm Deside di : « Fanm yo Revandike Dwa pou Patisipe tout kote desizyon ap pran, pou yon sosyete ekilibre »
Fanm Deside kwè gouvènman an dwe pran bon jan dispozisyon pou kwape diskriminasyon ak eksklizyon kont fanm nan lavi piblik tankou prive nan peyi a. Li dwe mete kanpe bon jan mekanis pou fè aplike yon seri desizyon tankou kota 30% minimòm nan pou favorize integrasyon ak patisipasyon fanm nan tout nivo.
Nap pwofite mande leta pou mete yon lwa kad ki bay òganizasyon yo idantite yo menm jan ak ONG, fondasyon… Dayè, asosyasyon yo pi plis nan peyi a. 3 avril sa, nap revandike dwa pou fanm jwenn travay san randevou, dwa pou jwenn lasante, edikasyon…, entegre ak patisipe nan tout pwosesis demokratik nan peyi a.
Pou fini, nap mande tout sektè, piblik tankou prive pou reflechi sou bonjan altènativ ki kapab kontribiye nan ekilib sosyal pou mete Ayiti tout bon vre sou wout devlopman. Pou gen ekilib, fòk ni fanm ni gason patisipe nan tout sa kap fèt.
Pa ka gen devlopman san ekilib, se fanm ak gason ki pou konstwi ansanm !
Biwo Kominikasyon Fanm Deside