NÒT SOLIDARITE AK 3 JOUNALIS SIDÈS KI VIKTIM ANBA MEN BANDI YO


Fanm Deside ap pote soutyen l ak sipò l bay Laprès nan sidès kote 3 jounalis ki se Zidor Elmond, Jean Philippe Jackson ak Darlou Alexandre, sòti viktim maspinay ak tantativ asasina anba men prezime bandi, jou lendi 16 septanm 2019 la  nan lokalite Meyer.  Nou regrèt kalite zak sa yo ki poze sou travayè laprès  yo nan egzèsis fonksyon yo ki se ranmase, trete ak distribiye enfòmasyon sou tout sa ka pase.

Nou kondane ak tout fòs li tout zak britalite ak tantativ pou retire lavi jounalis nan moman kote peyi a ap konnen gwo kriz sosyo-politik. Sa ta vle montre ke se pa tout moun ki konsène pa sityasyon peyi a. Lalwa rekonèt ke tout moun gen dwa pou revandike , men san atake byen ak entegrite fizik  moun.

Fanm Deside mande otorite lapolis ak lajistis  nan Sidès pran responsabilite yo nan mennen bon jan ankèt sou dosye sa, pou arete prezime koupab yo pou yo  reponn zak yo kòm sa dwa.

Fòk Zidor Elmond, Jackson Jean Philippe ak Darlou Alexandre jwenn Jistis !

Biwo Kominikasyon Fanm Deside

Updated: 18 septembre 2019 — 19 h 32 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.