Jounen 15 oktob: Deklarasyon Fanm Deside nan okazyon Jounen Entènasyonal Fanm Riral

Òganizasyon feminis Fanm Desisde kap defann ak fè pwomosyon dwa fanm ap fè tout moun sonje jodi madi 15 otòb la se Jounen Entènasyonal Fanm Riral. Yon jounen ki  pa ka selebre kòmsadwa akòz gwo kriz sosyal, ekonomik ak politik kap sekwe peyi Dayiti.

Menm jan ak tout moun, sektè peyizan touche ak mizè nwa ki mete pye sou kou tout sektè nan lavi nasyonal la. Sityasyon an pi rèd toujou pou fanm yo, kategori sila ki te toujou neglije depi avan debouche kriz la… Fanm nan milye riral yo pi viktim ak gwo kriz sa:

  • Blokaj wout fè yo pa ka al vann pwodwi yo nan mache;
  • Yo pa gen mwayen pou yo achte manje ak pwovizyon ;
  • Chak jou pri prodwi premye nesesite yo ogmante, malgre tou gen ladan yo ki  pa disponib sou mache a ;
  • Pri transpò a redwi sou benefis yo akoz rate gaz ak wout bloke ;
  • Anpil machann pèdi machandiz akoz gang gran chemen kap ransone moun ;
  • lamizè, grangou, vyolans ap taye banda lakay fanm peyizàn yo;
  • Vi fanm ansent yo vin pi an danje paske lopital ak sant sante prèske pa fonksyone ;
  • Fanm riral yo ekspoze ak klima ensekirite a tou;
  • San konte enpak chanjman klimatik la kap afekte sektè agrikòl la…

Yon lòt fwa ankò, Fanm Deside ap manifeste solidarite l ak fanm riral yo kap konfwonte sityasyon difisil sa san okenn ankadreman ak resous pou fè fas ak kriz imanitè sa.  Jounen jodya, li klè ke leta kòm premye garan dwa moun pa fè prèv responsab nan obligasyon li genyen pou satisfè revandikasyon fanm peyizàn yo. Se pou sa, li evidan jan popilsayon an ap revandikel la, pou prezidan an ak tout akolit li yo bay demisyon yo.

N’ap pwofite okazyon sa pou nou mande  fanm kap viv nan kominote riral yo pou pa neglije travay latè, envesti nan agrikilti ak elvaj, valorize pwodiksyon nou yo. Fanm Deside ap fini pou lanse yon apèl ijan ak tout lòt aktè kap travay nan domèn agrikilti pou pote asistans bay fanm nan kominote riral yo nan ede yo jwenn resous pou kenbe nan moman delika sa. Fanm Deside toujou angajel nan batay pou fè pase revandikasyon fanm peyizàn yo pou chanje kondisyon lavi yo.

Marie Ange Noël

Kòdonatris

Updated: 15 octobre 2019 — 20 h 23 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.