Nòt pou Laprès sou seri represyon ak entimidasyon kap fèt sou mouvman popilè a

Fanm Deside konstate avèk anpil kè sote kòman pouvwa a tabli yon gwo machin represyon tout kote nan peyi a, pou repouse, entimide epi touye moun kap batay kont move lavi, koripsyon ak move gouvènans leta a. Politik bayonèt sa a se yon mwayen pou pouvwa a bafwe epi toufe revandikasyon  pèp la. Pwòch pouvwa ak nèg ki pote inifòm lapolis ap tire sou manifestan, yo blese moun, yo touye moun.

Nan vil Jakmèl, chak jou se move nouvèl nap tande : nou leve jwenn moun mouri nan lari, yo atake  enstitisyon prive kou piblik tankou lekòl lise yo, yo bat ak ransone moun, yo vyole fanm.

Bandi tout moun konnen kagoule ak gwo zam nan men yo ap defile nan lari gwo lajounen, pèsonn pa di yon mo, lapolis ak lajistis rete bèbè. Devan sityasyon ensekirite sa, pèsonn pa epanye : jounalis, fanm, gason, jèn, granmoun… Tout zak briganday sa yo se rezilta vye pratik politisyen konn itilize nan mete zam nan men jenn gason pou entimide moun nan peryòd elektoral epi pou defann lòt enterè pèsonèl yo. Nap mande otorite lapolis ak lajistis pou yo pa nan patipri ak bandi, fè entèvansyon prese prese pou arete tout bandi kap panike popilasyon an.

Nan menm moman sa tou, popilasyon Jakmèl leve jwenn yon jenn fanm kap rakle nan zòn lamandou byen bonè maten lendi 21 oktòb 2019 la. Viktim nan ki se Ghislaine Mathurin 21 lane rann dènye souf li sou kabann lopital Sen Michel. Nan sware dimanch 20 oktòb la, li viktim anba men mennaj li Jamesson Champouna ki konn abitye bat li, fwa sa li touyel.

Fanm Deside ap denonse epi kondane gwo zak vyolans sa ki retire lavi  Ghislaine Mathurin. Se pou lajistis mete koukouwouj dèyè Jamesson Champouna pou rive jwenn li kote li ye a. Nap mande popilasyon an pote kontribisyonl nan bay bon jan enfòmasyon pou sou agresè a. Fòk Ghislaine Mathurin jwenn jistis.

Jakmèl, 23 oktòb 2019

Marie Ange Noël

Kòdonatris

Updated: 23 octobre 2019 — 20 h 15 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.