Nòt pou Laprès nan okazyon komemorasyon 16 jou aktivis kont vyolans sou Fanm

Jou 25 novanm lan ki se Jounen Entènasyonal pou elimine tout fòm sou Vyolans sou Fanm ak ti fi, siprann nou nan yon kontèks sosyopolitik difisil. Anplis lavi chè, ensekirite, pwoblèm sante, chomaj, se gwo zak vyolans kap fèt sou fanm chak jou ki jou sou tout teritwa nasyonal la. Nou konstate ak anpil kè sote kòman leta ak sosyete a pa fè tèt li obligasyon pou pwoteje  fanm kont move sityasyon yap viv ki atake repitasyon yo.

Vyolans sou jenn fi ak fanm galope pi plis toujou nan dènye mwa sa yo.  Leta lage kontwòl peyi a nan men moun ak gwo zam. Gang ame ap fè e defè, lapolis pa asire sekirite lavi moun sitou fanm yo jan sa ta dwe ye. Sou barikad yo, bandi ame pwofite aji san kè sote, espesyalman sou fanm yo anba je tout moun. Yo bat, yo vyole, yo touye fanm jan yo vle, mete sou say o vòlè machandiz ti machann yo. Se avèk endiyasyon Fanm Deside  konstate ak ki frekans machin vyolans la demare kont fanm yo  preske tout kote.

Nan lannwit 7 pou rive 8 novanm, 12 fanm sibi vyòl kolektif anba pat yon kantite mal gason anndan prizon Gonayiv sou kontwòl ak sou je ajan penitansye yo. Nap siyale nan tout peyi a, se sèl nan komin Kabarè ki gen yon prizon pou akeyi fanm an detansyon. Poutan, règleman entèn etablisman penitansye yo egzije separasyon ant fanm ak gason ki nan prizon. Mete sou atik 44-1 Konstitisyon ayisyèn nan ki tabli prizon yo dwe reponn ak nòm ki chita sou respè ak diyite moun selon Lalwa.

Fanm Deside kondane ak tout fòs li tout kalite zak malonèt ki retire lavi fanm, ki pote atent ak kò, lespri ak repitasyon fanm yo. Pèsonn pa dwe souzestime zak vyolans kap fèt sou fanm yo, espesyalman  fanm ki viktim nan prizon yo. Krim sa yo pa  dwe rete nan enpinite. Tout aktè konsène yo dwe bay viktim yo bon jan swen pou kò yo ak lespri yo. Lajistis dwe pran reskonsabilite l epi sanksyone tout otè vyolans ak moun ki konplis. Mete koukouwouj dèyè tout bouwo, kadejakè, kriminèl ak eksplwatè fanm pou rive pini yo suivan Lalwa.

Nan okazyon 16 jou aktivis la, « Fanm Deside di non ak tout fòm vyolans kap fèt sou fanm ». Pou make gwo peryòd refleksyon sa, yon seri aktivite edikasyon ak sansibilizasyon pou mobilize popilasyon an, ap òganize pou enplike plis moun nan batay la. Aprè nou fin chavire sistèm kowonpi ki la, nap espere genyen yon leta fò, yon gouvènman ki sansib ak respè dwa fanm yo pou rive kraze tout baryè ki anpeche fanm yo emansipe.

Batay pou frennen vyolans kap fèt sou fanm se yon batay ki konsène tout sektè nan lavi nayonal la. Tout moun konsène, tout aktè dwe entegre lit la pou brize chèn vyolans sou fanm »

                                                                                                         Marie-Ange Noël

                                                                                                      Kòdonatris

Updated: 25 novembre 2019 — 22 h 50 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.