Jounen Entènasyonal Dwa Fanm ap selebre ofisyèlman nan divès peyi nan lemonn depi mas 1977. Se yon gwo jou kote òganizasyon fanm, militant feminis tanmen gwo refleksyon sou tout travay ak aksyon yo reyalize pou kore dwa fanm yo. Se moman tou, òganizasyon feminis yo pwofite evalye tout reyalizasyon mouvman feminis la mennen, prepare kèk aksyon pou fè avanse batay pou respè dwa fanm yo.
Ane sa, Fanm Deside enskri selebrasyon Jounen Entènasyonal dwa fanm yo nan yon dinamik pwomosyon ak valorizasyon gwo travay militant feminis yo reyalize pou respè dwa fanm ak ti fi. Nap fè jounen 8 mas la genyen yon enpak pozitif pou tout ewoyin ayisyèn ki te goumen pou lendepandans peyi a.
Se pou sa, Fanm Deside reyalize 2 kokenn chenn aktivite :
Yon gwo ekspozisyon Foto nan lokal Alliance Franҫaise Jacmel jou vandredi 6 mas la sou tèm : « Nou kanpe pòtre feminis ak ewoyin ayisyèn yo pou valorize fwi travay yo nan listwa peyi a». Aktivite sa reyalize nan lide pou ranfòse enpak sosyo kiltirèl travay feminis ak ewoyin yo ansanm ak kolaborasyon yo te bay nan avansman mouvman feminis la ak fondasyon peyi a. Sa pemet nou fè yon prezantasyon sou lavi yo, konba yo te mennen ak eritaj yo kite pou nou viv yon lòt fwa ankò zèv yo nan respè dwa fanm.
Nou bay aktivite ekspozisyon an yon aspè enfòmatif pou motive gran piblik la, epi fè yon ti rapèl nan memwa tout gran ewoyin, militant feminis ki te make batay pou emansipasyon fanm nan fondasyon peyi a.
Toujou nan menm okazyon, nou pwofite brase lide sou mouvman feminis ayisyen an ak sityasyon dwa fanm yo nan kad yon gwo chita pale nou reyalize samdi 7 mas 2020 an nan lokal Meri Jakmèl la. Kontèks difisil nap viv kounya rann Kondisyon lavi moun espesyalman lavi majorite fanm ak ti fi pi vilnerab. Yap viktim tout kalite abi anba men moun ki gen pouvwa ak lòt gwoup bandi, ki gen enfliyans politik nan popilasyon an. Yo kidnape yo, vyole yo, touye yo. Leta ansanm ak enstans konsène ki la yo, pa travay ase pou garanti dwa popilasyon an, espesyalman dwa fanm yo, dwa pou jwenn travay, lasante, edikasyon, pwoteksyon ak sekirite…
Nan kad chita pale sa, Fanm Deside boukante lapawòl ansanm ak tout aktè nan vi sosyal la, pou wè kijan nou kapab fòse desidè yo aji pou pran kèk mezi pou frennen enpinite, enjistis sosyal, eksklizyon fanm yo ap viktim chak jou nan sosyete a. Nou vle tou fòse leta garanti ak favorize egalite ak lidèchip feminis pou tout fanm. Se pou sa nou kenbe tèm « Dwa Fanm se Dwa Moun Fòk nou respekte l », pou valorize travay ak batay feminis yo te mennen pou fanm rive egzèse dwa yo.
Fanm Deside ap toujou di : Se Batay Fanm Kap Chanje Kondisyon Fanm
Biwo Kominikasyon Fanm Deside