3 avril, Jounen Entènasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn nan kontèks kowona viris

Fanm Deside ap pwofite okazyon 3 avril, Jounen Entènasyonal Mouvman Fanm Aysyèn, pou atire atansyon tout moun, espesyalman desidè yo sou sityasyon difisil popilasyon an ap viv ak epidemi kowona viris nan peyi a.

Fason epidemi kowona ap evolye nan lemonn antye kreye gwo risk ak defi pou tout kouch espesyalman fanm yo. Sitiyasyon sa plis delika pou peyi Dayiti ki pa genyen bon enfrastrikti sanitè pou fè fas ak kalite maladi sa. Enpak viris la pa vini menm jan pou tout moun, li pi di pou fanm yo paske yo reprezante gwoup moun ki pi aktif nan tout dinamik pou pote manje nan fanmi yo. Sila kap evolye nan sektè enfomèl la nan chèche lavi, travay kay moun, vann nan mache, pi ekspoze ak kontaminasyon.. . Avèk mezi prevansyon ki tabli yo tankou distans sosyal rete nan kay, gen plis risk pou fanm yo viktim vyolans, espesyalman vyolans ki marye ak mezantant anndan fwaye yo. Timoun kap plenyen grangou kreye plis strès lakay moun sa yo ki te deja gen difikilte pou nouri fanmi yo. Gen fanmi kap viv avèk plis pase 6 moun nan yon sèl pyès kay, yo pa ka respekte distans sosyal la, san konte gen fanmi ki pa menm ka jwenn dlo potab ak savon pou lave men yo. Divès analiz ki fèt sou pwopagasyon Covid-19 la, montre li toujou pi fasil pou fanm yo kontamine, san nou pap bliye fanm kap travay nan sektè lasante ak bout dwèt yo san pwoteksyon.

Fas ak kontèks ijans sanitè difisil sa, li enpotan pou tout aktè kap fè entèvansyon, sitou otorite etatik, pou yo konsidere bezwen espesifik tout moun, espesyalman bezwen fanm yo nan repons yap bay nan peryod ijans la. Lap bon pou leta priyorize aspè sanitè ki vrèman kapital nan moman an, nou rekonèt fok tout moun manje men pi gwo konba nou dwe mennen kounya rete “Konba lasante a”

Fanm Deside ap fini pou mande tout moun pran prekosyon, aplike mezi prevansyon yo paske kowona viris la pa yon jwèt. Apre epidemi an fini, nap kontinye viv, nap kontinye goumen pou fè respekte dwa nou.

Se Batay Fanm kap Chanje Kondisyon Fanm


Biwo Kominikasyon Fanm Deside

Updated: 3 avril 2020 — 21 h 11 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *