Fanm Deside aprann ak endiyasyon gwo abi seksyèl dirijan Federasyon Foubòl Ayisyèn yo fè sou jenn foutbolez, daprè yon atik jounal « The Guardian » nan dat 30 avril 2020. Akizasyon ki detaye yo fè konnen Yves Jean-Bart, prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an vyole plizyè jenn foutbolez nan «Sant Teknik Nasyonal Kwadèboukè ». Selon menm sous la, genyen youn pami viktim yo ki menm rive avòte.
Lè nou konnen vokasyon yon federasyon se devlope foutbòl nan lemonn, Fanm Deside ap mande èske se avèk abi seksyèl sou jenn fanm, jwèt enfliyans, move trètman ak koripsyon Yves Jean Bart ap montre imaj foutbòl ayisyen an sou sèn mondyal la? Kalite zak malonèt sa yo mande pou kesyone jesyon mouche Yves Jean Bart pandan 6 manda youn dèyè lòt nan tèt Federasyon an.
Revelasyon chòk sa yo montre aklè kalite maswife timoun ak jèn fi yo ap konnen anndan Sant Teknik Foutbòl yo pou reyalize rèv yo. Avantaj ak ankadreman teknik yo ta dwe jwenn pou devlope talan yo tounen pratik pou Yves Jean Bart mennen operasyon malsen nan abize yo seksyèlman ak detwi rèv yo. Enfòmasyon ki devwale nan atik “The Guardian” sou endividi Dadou Jean Bart ak imaj sou rezo sosyo montre se yon pèsonaj kap jere notoryete federasyon san etik ak pwofesyonalis. Li pito itilize enfliyans li genyen pou domine epi pote atent ak dwa fondamantal viktim yo nan mete lavi yo an danje, deranje yo sikologikman epi li gache avni yo .
Fanm Deside kwè dosye sa dwe pran oserye pou evite kase fèy kouvri sa. Silans ak enfliyans pa dwe prime nan kouvri zak kriminèl. Li lè li tan pou egzanp trase sou tout tout gwo palto kap itilize pouvwa yo nan fè moun abi. Tout vagabon, kadejakè, konplotis ki enplike nan eskandal sa, dwe reponn ak zak yo daprè sa lalwa tabli.
Se pou sa Fanm Deside mande pou :
- Leta atravè tout enstitisyon piblik ki konsène nan dosye sa pran bon jan mezi pou retire Yves Jean-Bart nan tèt Federasyon Foutbòl Ayisyen an prese prese pou li al reponn akizasyon l kòm moun ki agrese plizyè jenn foutbolez ayisyèn ;
- Reyalize yon ankèt prese prese anndan Sant Tenik Kwadèboukè pou evalye fonksyonman l ak kondisyon moun kap frekante l yo;
- Nou envite viktim yo ak fanmi yo pa rete nan silans, pran kouraj yo, kontakte òganizasyon feminis kap defann dwa fanm ak ti fi yo pou denonse ak pote plent
- Fanm Deside reklame bon jan priz an chaj pou viktim yo ak fanmi yo, pou ede yo remonte estim yo ;
- Tout lòt enstans ki konsène nan nivo nasyonal, rejyonal ak entènasyonal mennen bon jan ankèt sou tout dire 6 manda Yves Jean-Bart nan tèt federasyon an pou tabli tout responsabilite nan dosye sila, pou tout koupab al reponn kesyon lajistis kòmsadwa.
- Nou mande Laprès sou tout teritwa nasyonal la pou aji ak enpasyalite nan trètman enfòmasyon ki relatif ak dosye sa…
- Nap fini pou mande lajistis sou bò pal trete dosye sila ak tout enpasyalite, san okenn enfliyans pou tabli limyè sou dividal dosye abi ak koripsyon sa ki deranje konsyans kolektiv tout popilasyon an
Fòk cheval sabo solid sispann galope sou do sila ki pi vilnerab yo
Jakmèl, 4 me 2020
Biwo Kominikasyon Fanm Deside