NÒT SOLIDARITE AN SIPÒ AK SOFA nan dosye zak maspinay manm li ak fanm payizan nan Sen Michel Latalay

Se avèk endiyasyon Fanm Deside pran konesans gwo zak briganday nèg ki gen pouvwa leta ak pouvwa lajan fè sou fanm nan 8tyèm seksyon Sen Michèl Latalay, daprè yon nòt eklèsisman òganizasyon sè Solidarite Fanm Ayisyèn sòti pou denonse operasyon malonèt sa ki pase nan dat 17 jen 2020 an.

Nou sezi aprann kòman ansyen minis agrikilti pouvwa tèt kale a Fresner Dorcin ansanm ak Jean Gesner, kazèk 8tyèm seksyon Sen Michèl Latalay akonpanye ak yon gwoup bandi mapsinen fanm malerèz kap chèche lavi ak kraze travay SOFA ap mennen pou akonpanye fanm ki pi vilnerab yo. Pi plis toujou, bandi san fwa ni lwa sa yo ta rive fòse medam kap evolye nan etablisman SOFA mete kanpe ki rele “Lekòl feminis Delicia Jean”,  kite espas la ki se yon pwopriete 13,75 ekta tè Ministè agrikilti te siyen papye bay SOFA dwa pou itilize teren an. INARA ki se Entiti Nasyonal Refòm Agrè te apante teren sa pou yo. Malgre tout papye yo nan men yo ki pwouve yo gen dwa sou espas la, sa pat anpeche bandi yo rive bat medam yobyen bat epi blese kèk pami yo. Bandi yo ansanm ak KAZEK la deklare fôk medam yo kite espas la paske Apaid envesti lajan pou fôse yo bay teren an.

Fanm Deside denonse tout aksyon malonèt ki vize mete fren nan travay fanm ap mennen pou bay bay fanm yo pouvwa pou pran responsabilite tèt yo.   Nan Sans sa, Fanm Deside ap pote soutyenl bay SOFA nan kad revandikasyon lap mennen kont zak maspinay sou manm SOFA, fanm peyizàn nan Sen Michèl Latalay epi ki vize mete fren nan travay lap fè pou akonpanye fanm yo sou chimen otonomizasyon.

Nou rete kwè li lè li tan pou  restavèk rejim bandi legal la, sistèm kraze zo sa ansanm ak  politisyen tèt chat sa yo sispann vyole ak bafwe dwa moun espesyaman dwa fanm yo. Nap mande otorite lajistis prese prese pou pouswiv ansyen minis agrikilti pouvwa PHTK Fresner Dorcin ansanm ak tout akolit li yo pou reponn ak zak kriminèl yo nan lide pou viktim yo rive jwenn jistis ak reparasyon.

SOFA, Fanm Sen Michèl Latalay, Fanm Deside avèk nou !

Se batay Fanm kap chanje Kondisyon Fanm

Marie Ange noël

Kòdonatris

Updated: 23 juin 2020 — 21 h 25 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.