KOMINIKE SOU ZAK ASASINAY NATACHA RHAU, MAMOUNE REGIS, NANCY DORLEAN AK SEBASTIEN PETIT

Fanm Deside denonse ak tout fòs li zak asasinay kap fèt san rete nan peyi a alòske popilasyon an ap fè fas ak gwo kriz sanitè ki deja kreye gwo enpak sosyal ak ekonomik sou lavi moun.

Fanm Deside santi li choke sou fason yon seri bandi kriminèl san fwa ni lwa ap tòtire epi touye jenn fanm ak jenn gason, alòske  enstans konsène yo pa di anyen ni poze okenn aksyon pou mete bandi sa yo anba kòb.

Nou sezi aprann kòman Natacha Rhau mouri rache anba kout machèt ansyen mari li nan komin Cayes-Jacmel, ti adolesant 14 lane Mamoune Regis tonbe anba bal yon atoufè jou jedi 18 jen 2020 an nan okap, 2 jèn dansè Nancy Dorlean ak Sebastien Petit mouri asasinen epi kankannen nan komin Taba. 3 viktim sa yo ajoute sou lis bouwo kap poze aksyon malonèt san kè sote pou ranfòse rèy enpinite nan peyi a.

Nou rete kwè, viktim sa yo ki rann dènye souf yo nan sityasyon ki choke epi deranje anpil moun nan peyi a, dwe jwenn jistis. Se pou sa, Fanm Deside ap mande popilsayon an pou leve kanpe kont vye zak kriminèl sa yo, pa dwe gen okenn sitirans pou bandi, pa ezite denonse yo bay lajistis. Jodya se kapab Natacha, Mamoune, Nancy, Sebastien, elatriye… Demen se kapab ou menm oubyen yon manm nan fanmi w.

Fanm Deside ap fini pou mande otorite lajistis yo pran responsabilite yo, poze aksyon, mennen bon jan ankèt pou rive jwenn atoufè ki komèt krim yo pou reponn ak zak yo. Bon jan ezanp dwe trase pou limite kalite aksyon malonèt sa yo.

Fanm Deside di non ak vyolans, ensekirite ak zak kriminèl !

Fòk Natacha, Mamoun, Nancy ak Sebastien jwenn jistis !

Biwo Kominikasyon Fanm Deside

Updated: 2 juillet 2020 — 21 h 38 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *