Pozisyon Fanm Deside pou make Jounen pou Elimine Vyolans kap fèt sou Fanm ak Tifi

25 novanm ane sa a vini ak anpil dlo nan je, touman, chagren paske :   Fanm Deside nan yon kafou kote lap konte tibebe, jenn fi ak fanm ki kontinye ap viktim kadejak

Fanm Deside nan yon kafou kote lap konte fanm ki kontinye ap pran baton nan men mouche yo; yap viv nan laperèz

Fanm Deside nan yon kafou kote lap konte kadav fanm, sa ki mouri anba men mouche yo ak sa zak ensekirite detwi nan tout nanm yo, nan tout kò yo,

Fanm Deside nan yon kafou kote kadejakè ak lot otorite nan leta gen lavwa pou yap krache sou oganizasyon feminis

Fanm Deside ap konstate fason aksyon ak pawòl ki sòt nan bouch dirijan ayisyen yo gen konsekans sou tout zak vyolans kap fèt sou fanm ak tifi yo nan peyi a. Se kòmsi pawòl vyolans sou fanm nan poko janm pale, poko janm tande…   Poutan depi 1986 Òganizasyon Fanm nan peyi a ap goumen pou dechouke tout kalite fòm vyolans kap fèt sou fanm. Poutan depi 1999 Nasyonzini dekrete 25 novanm jounen entenasyonal  Kont vyolans kap fèt sou fanm, kote li mande Leta peyi yo  anbake,   pou reflechi sou sitiyasyon vyolans espesifik kap fèt sou fanm, mennen kanpay ak pran mezi pou desitire zak sa yo, pwoteje viktim yo ak pini koupab yo. Ayiti ratifye Konvansyon Belem Do Para ki trete kesyon vyolans sou fanm nan dat 3 avril 1996, li adopte dekrè-lwa out 2005 ki sanksyone agresyon seksyèl.

Poutan,Jodi a, ni Leta, ni Nasyonzini  ki angajel  nan fè respekte dwa moun, ap  gade fenomèm vyolans la ak enpinite kap devlope san yo pa di anyen, yo pa pran okenn responsablite. Toulède fèmen je yo ak bouch yo sou Kò fanm bandi fin dechire epi lage sou pil fatra, Toulède ap gade sitiyasyon enpinite ki pran kòmand peyi a kote fanm yo doubleman viktim. Vyolans domestik, vyolans politik ak vyolans sosyal tèlman grav, yo fè yon sèl, yo lakòz ensekirite blayi sou fanm ak tifi nan tout kwen ayiti.  

Fanm Deside kwè  batay pou desitire zak vyolans kap fèt sou fanm mache kolesere ak batay kont enjistis ak enpinite !  Se yon batay pou fè respekte dwa tout Fanm, tout Tifi pou jwenn sekirite ak pwoteksyon. Se yon batay politik pou yon pouvwa jistis, yon pouvwa lejitim, yon pouvwa kote tout moun ka viv san ke sote.  Se yon batay sosyal pou tabli relasyon egalego andedan  kay yo, nan respe diyite yon pou lòt, nan respe pou kò fanm yo   pa fè objè seksyèl. Batay sa yo makonnen sa vle di se batay tout sektè nan lavi nasyonal la, se batay tout sitwayen ak sitwayè

Chak fwa nou komemore 25 novanm , nou revandike Lespwa ak jistis pou fanm ki viktim yo epi ki pedi lavi yo nan zak feminisid yo, se pousa Fanm Deside  mande pou:

  • Leta pran responsabilitel nan asire pwoteksyon viktim yo ak defansèz viktim yo,  pou yo sispann resevwa menas ak entimidasyon anba men gwo palto kap ranfòse enpinite nan peyi a tankou yves Jean bart, Pradel Henriquez, Yves Leonard ak lot ankò. 
  • Pran mezi nesesè pou modernize kad nòmatif prevansyon kont vyolans kap fèt sou fanm: adopsyon lwa kad VBG a ki depose nan palman depi lontan, anilasyon tout dispozisyon ki diskrimen ak banalize vyolans sou  fanm yo          
  • Garanti endepandans lajistis ayisyèn, wè lajistis granmoun tèt li nan pa vann jistis nan ti gode epi asime responsabilitel kòmsadwa, arete epi jije tout agresè, bouwo fanm ak tifi, kidnapè kap vyole ak asasine fanm
  • Travay pou fè enpinite kaba nan sosyete a tout bon vre pou tout viktim yo jwenn Jistis ak Reparasyon san kè sote
  • Kondanasyon pou tout moun kap sèvi ak pouvwa yo pou fè abi seksyèl sou tifi ak sou fanm.

 Na pwofite okasyon 25 novanm nan pou nou salye desizyon  komisyon Etik  endepandant FIFA aprè li fin mennen bon jan ankèt sou gwo eskandal seksyèl ki eklate nan federasyon foutbol ayisyèn nan kote yo rann yon desizyon ki jis, ki sanksyone Yves Jean Bart epi ki dezapwouve lajistis ayisyèn ki te blanchil nan dosye a.

Fanm Deside angaje l pou li kontinye  batay pou konbat Vyolans sou fanm ak tifi, pandan lap envite  tout aktè kle, tout moun an jeneral,  Envesti,  Aji pou kwape vyolans sou fanm ak ti fi paske pa wè, pa pale, pa tande se pa yon solisyon.

25 novanm 2020

Biwo Kominikasyon Fanm Deside





<iframe src="https://drive.google.com/file/d/1j2dF2I4VmTUFOleTz90otLeA3f9gBRuH/preview" width="640" height="480"></iframe>
Updated: 28 juillet 2021 — 20 h 18 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.