NÒT KONJWENT POU LAPRÈS SOU DOSYE BASTONAD FANM KI NAN PRIZON SIVIL JAKMEL

Move trètman, bastonab ki fèt sou 25 detni fanm nan prizon sivil Jakmèl la, anba men 5 ajan polisye Direksyon Administrasyon Penitansyè prizon sivil Jakmèl la, jou dimanch 7 ak lendi 8 mas 2021 an,  pa dwe rete san pini

  1. Nou menm ansanm òganizasyon nan sosyete sivil la: Fanm Deside, RESEDH/RNDDH, Jeune Chambre Internationale de Jacmel, Sosyete Makaya, OJEDESE, BAL mete ansanm ak Direksyon Depatmantal Ministè Kondisyon Fanm Sidès kondane avèk tout fòs nou zak britalite, move trètman, bastonad Fanm ki nan prizon sivil jakmèl la viktim anba men 5 polisye/polisyè nan dat dimanch 7 ak lendi 8 mas 2021 nan lakou prizon an ak andedan selil yo.
  2. Nap raple nan dat zak sa yo pase a, genyen 25 fanm ki nan prizon sivil la, pami yo 2 minè,  pa genyen yonn ladan yo ki jije deja. Yo tout an detansyon ilegal depi plis pase 12 mwa pou pipiti, 8 tan pou pi plis. Yon sitiyasyon ki toujou kreye gwo fristrasyon lakay fanm sa yo, ki yon jou ta renmen wè lajistis deside sou sò yo.
  3. Zak sa yo rive nan moman ajan ’’Gérald Renard’’ ki gen grad enspektè kite chèf depòs pandan 2 jou sa yo (7 ak 8 mas), te genyen yon echanj pawòl avèk yon detni ki rele  CLAUDINE Philippe, Ki te deklare: “demen se 8 mas, li gen 8 ane li pa janm jije, l’ap tann Fanm Deside vini nan prizon an pou pale’’. Ajan mandel fèmen bouch li, Claudine deplase pou ale nan douch la, ajan swiv li pou agresel vèbalman ak fizikman, kote li frape Claudine ak baton an nan tèt li.
  4. Yon lòt detni fanm ki te reyaji parapò ak move trèman Claudine Philippe tap sibi anba men Gerald, yon lòt ajan ki rele Petion Nickson pran li nan très cheve li epi trennen l atè. Nan moman sa a, lòt medam yo deside rele anmwey pou atire atansyon lòt moun sou move konpòtman ajan sa yo.
  5. Pou anpeche zak ajan sa yo fè an rive nan zòrèy responsab yo, Agresè a (enspektè Gerard Renard) deklare li pèdi yon telefòn ke li te kite nan espas chèf depòs la ansanm ak twouso kle prizon an. Yo fouye tout fanm yo, telefòn nan pa nan men yo. Malgre sa, ajan DAP yo deside bat plizyè nan yo sou lakou prizon an, sou pretèks se yo menm ki pran telefòn nan. Yo fè tout detni yo rantre nan grèf la, fè yo kouche atè, epi kontinye bat yo epi fè yo menas vèbal, kòm kwadire, si yo pa bay telefòn nan yap bat yo jiskaske yo pral mouri lopital. Ajan Saincilia Joseph ki deklare li kapab fizye yo  epi ba yo kalòt ak 2 pla men.
  6. Nan demen lendi 8 mas, aprè enspektè Gérard Louis (chèf operasyon) kite prizon an, omwen 3 lòt ajan kise: Kòmandan Batard, kòmandan Nicolas, kòmandan Nickson Petion, kontinye maltrete tout detni fanm yo, mete yo kouche atè, mache sou yo, bat yo. Yo pran kou nan divès pati nan kò yo. Genyen anpil nan fanm yo ki blese nan kwis, nan jarèt pye  yo ak nan do. Genyen 3 ki pran kout baton nan senti, san tou vide sou yo. Genyen lòt ki ap plenyen ak kò yo ki rèd yo paka mache, paske ajan/ajant DAP yo ba yo kout pye nan kou pandan yo kouche atè, bayo tap senti.

Ansanm Oganizasyon ak enstitisyon sa yo ap ekzije:

7.-Ansanm òganizasyon sosyete sivil sa yo mete ak Ministè Kondisyon Fanm ekzije bon jan ankèt pakè Jakmèl la pou rive fikse responsabilite chak grenn moun ki enplike nan zak maltretans fanm detni yo.

8.- Ansanm òganizasyon sosyete sivil sa yo mete ak Ministè kondisyon Fanm pwofite pou mande lajistis pran responsabilitel pou redwi konsiderableman kesyon detansyon prevantiv la pou 25 fanm ki nan prizon sivil la.

9.- Ansanm òganizasyon sosyete sivil sa yo mete ak Ministè kondisyon Fanm ap mande Komisè Gouvènman Me Lyonel CHERIMA resezil, ranmase karaktèl paske deklarasyon li bay  nan laprès la jodi mèkredi 10 mas la ‘’se yon tantativ evazyon ki te planifye’’ se divèsyon lap kreye pou doyse a pa fè kous li. Pa bliye Komisè ou genyen kòm responsabilite pou fè moun jije nan delè Lalwa prevwa.

10.- Ansanm òganizasyon sosyete sivil sa yo mete ak Ministè kondisyon Fanm mande pou gen bonjan mezi disiplinè ak administratif ki pran kont tout ajan ki enplike nan koze bastonad medam yo, annatandan pouswit jidisyè yo fèt.

11.- Ansanm òganizasyon sosyete sivil sa yo mete ak Ministè kondisyon Fanm ekzije pou tout fanm yo wè doktè nan yon tan rekò pou jwenn asistans medikal ke ka yo nesesite. Fanm prizonyè yo gen dwa tou.

Nan sak gade vyolans sou FANM ‘’Nou pa nan divèsyon, ni nan kase fèy kouvri sa’’.

Pou otantifikasyon

Marie Ange NOEL                                            Pierre Paul Jétho  FanmDeside                                                                RESEDH/RNDDH

Tel: 3783-6123                                                                      Tel: 3600 5766

Updated: 10 mars 2021 — 21 h 19 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.