Nòt pou laprès nan okazyon Selebrasyon Jounen 8 mas

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Lit pou Respè Dwa Fanm yo, Fanm Deside ansanm ak lòt òganizasyon Fanm  yo nan sidès, leve vwa yo byen wo pou denonse kondisyon malouk peyi a twouve l. Kote lavi moun pa sispann banalize, yon reyalite ki montre kòman peyi a pap dirije ak Lavi chè, ensekirite, kidnapin, pwoblèm nan nivo ledikasyon ak lasante, degradasyon anviwonman an, kriz politik, kriz sosyal, kriz ekonomik, dola a kap mete pye sou goud la, elatriye. Tout sa yo reprezante yon malè pandye sou tèt popilasyon an chak jou ki jou.

Se pou tèt sa nan lokazyon jounen 8 mas la, nou menm fanm yo, nou deside frape pye nou atè pou nou di non se twòp atò ! Li lè li tan pou otorite yo sispann paweze, pilonnen dwa moun, pase konstitisyon anba pye… Li lè li tan pou popilasyon an rale yon souf anba zak ensekirite sa a kap vale tèren anndan peyi a. Li lè li tan pou popilasyon  an sispann viktim kidnapin, li lè li tan pou gang ame sispann sakrifye fanm.

Se  Pousa  8 mas ane sa òganizasyon fanm nan depatman sidès la deside mobilize pou fè tande vwa nou, pou nou denonse vyolans kap fin manje nou chak jou. Nap mete fòs nou ansanm pou  nou konprann, pou nou youn ede lòt sipòte kalite malè  pandye sa kap peze sou lavi nou. 

Nou konnen byen se pou fè nou pè, gouvènman Moise Jouthe la ap enstore yon diktadi  tankou sou tan  divalye,. Kote yo tap manje moun, Vyole fanm, fè represyon  sou moun. Enpinite, enjistis sosyal,ensekirite, represyon sa yo vle bwote tout rezilta batay fanm  yo ale. 

Se poutèt sa jounen 8 mas sila nou vle denonse ansanm ipokrizi kominote entènasyonal la kap bare wout tout rezilta batay pèp Ayisyen te goumen pou genyen. 

Kominote entènasyonal la dwe konnen byen dilatwa pa ka wete fanm yo nan mera, plis gen dilatwa plis fanm ap mouri anba zam, anba kadejak, plis fanm ap kouri adwatagòch san jwenn kote pou kache ak fanmi yo. 

Nou mande pou sispann ak ipokrizi! Sispann ak dilatwa! Sispann bay manti! Sispann sitire volè ak asasen! 

Nou vle pou yo tande vwa pèp la, vwa fanm yo, respekte sa sitwayen ak sitwayèn ayisyen vle pou tèt yo!! 

Nan okazyon jounen 8 mas la, nou menm fanm nou renouvle angajman nou nan batay pou emansipasyon ak liberasyon fanm yo nan peyi a, espesyalman nan depatman Sidès la. Nap pwofite mande popilasyon an pou yo rete vijilan, pou yo rete fokis sou revandikasyon yo pou yon demen miyò. Fòs nou se nan batay. Batay pou respè dwa moun se yon wout ki long se vre men nap rive kanmèm.

ABA KIDNAPIN ! ABA LETA KONWONPI! ABA DISKRIMINASYON KONT FANM! ABA LAVICHÈ! VIV BATAY POU LIBERASYON MAS YO! VIV BATAY POU YON SOSYETE SAN FÒS KOTE!! VIV BATAY POU EMANSIPASYON AK LIBERASYON FANM YO! NOU SE FANM DESIDE!

Jakmèl, 5 mas 2021

Marie Ange Noël

Kòdonatris

Updated: 10 mars 2021 — 20 h 22 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.