
Nan okazyon jounen entènasyonal lit pou respè dwa fanm yo, jounen 8 mas, Fanm Deside ansanm ak lot oganizasyon Fanm yo nan komin jakmèl, rasanble pou nou mache, rasanble pou nou rele, rasanble pou nou di non ak tout fòs fènwa ki vle kouvri peyi.
Nou pa ka fèmen je nou, sou jan otorite yo ap pase konstitisyon anba pye, Li lè li tan pou popilasyon an rale yon souf anba zak ensekirite, anba gang ame, anba kidnapin, anba bandi legal, anba dirijan kowonpi, anba gouvènman kap pase fanm nan rizib, anba eksklizyon leta ak politisyen malonèt, anba fo lidè kap itilize mizè nou pou yo eksplwate nou,
Nou mache ak tout fòs limyè nou, pou nou di nou pap fè bak, nou pap tounen nan diktati, nou pap asepte sanginè tounen sou nou. Nou menm fanm se lavi nou bay se limyè nou mete sou chimen.
Anpil dwa nou genyen, se goumen nou te goumen pou nou genyen yo, nou te pèdi moun, nou te pran egzil,yo te maspinen nou, se pousa jounen jodya fok nou jwi dwa sa yo . Sispann fè politik esteril ki pa favorize patisipasyon fanm yo nan tout desizyon kap pran nan peyi a, sispann pote vye Diskou ak poze vye aksyon kap frajilize batay fanm yo.
Se Pousa 8 mas ane sa òganizasyon fanm yo nan jakmèl ak alye nou yo mobilize pou fè tande vwa nou, pandan nap mande leta ayisyen pran angajmanl poul fè aplike ansanm politik ak konvansyon ki kore egalite ak dwa fanm yo ke peyi dayiti siyen.
Se yon peyi nap konstrui kote tout moun dwe jwenn bon jan edikasyon, travay ki bay lajan, bon jan sante, yon anviwònman ekitab ki favorize devlopman, pou nou viv san kè sote ak tout sekirite. Leta gen obligasyon poul konstrui, li pa dwe kraze brize.
ABA KIDNAPIN ! ABA LETA KONWONPI! ABA DISKRIMINASYON KONT FANM! ABA LAVICHÈ! VIV BATAY POU LIBERASYON MAS YO! VIV BATAY POU YON SOSYETE SAN FÒS KOTE!! VIV BATAY POU EMANSIPASYON AK LIBERASYON FANM YO! NOU SE FANM DESIDE!