Mesaj Nan okazyon 3 avril, Jounen nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn

3 avril 2021 an fè 25 lane depi òganizasyon feminis yo ap selebre Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn. 3 avril se rezilta plizyè lane batay fanm yo te mennen pou respè dwa yo. Dat sila  eksprime tou, refleksyon liberal fanm yo tap nouri pou emansipasyon yo. Se toujou yon batay manch long fanm yo ap mennen pou tabli demokrasi nan peyi a.

Fanm Deside pwofite dat sa pou salye kouraj tout feminis ak òganizasyon feminis kap travay pou akonpanye fanm yo, nan ofri yo plis opòtinite pou rannfòse kapasite yo, epi pou chanje kondisyon lavi yo. Nous salye  jefò kolektif feminis yo ki kontinye batay pou fè respekte dwa fanm yo nan peyi a.

Jounen Nasyonal mouvman Fanm ayisyèn 3 Avril, gen yon istwa. Fanm yo te revandike Egalite en droit, libète lapawòl ak otonomizasyon pou tout fanm. Yo te mache pou jistis sosyal te ka blayi nan sosyete a. Sòti 1986 rive 1996, yo te mande leta ayisyen mete bon politik pou respè ak aplikasyon 2 konvansyon, Belem Do Para ak CEDEF ayiti te ratifye yo. 

25 lane apre gen anpil menas kont respè dwa fanm yo, anpil inegalite nan sosyete ayisyèn nan. Jounen jodi a, peyi a anba diktati, anba ensekirite pwograme, anba kidnapin, anba grangou. Fanm yo toujou ap viktim gwo sitiyasyon kriz sa yo. Youn nan pi gwo menas ankò kap peze sou tèt peyi a se volonte pouvwa defakto ki anplas la genyen pou l chanje konstitsyon 87 la. N ap raple konstitisyon 87 la se rezilta batay gason ak fanm yo, pou yon sosyete demokratik.

 Nou menm òganizasyon feminis yo nou toujou la kòm avangadis pou nou defann demokrasi a, nap kontinye kanpe pou respè dwa lavi, pou respè konstitsyon 87 la,  nou pap tounen anba diktati ankò. Nan sans sa, Fanm Deside ap kontinye mande fòk kat la rebat, nou vle nan tout espas poun transfòme sosyete a. Nou pap janm bay legen nan batay la paske nou kwè enplikasyon ak patipasyon fanm yo nan fonksyon soyal ak politik, bon jan kondisyon lavi se kle pou devlopman sosyete sa a.

Fanm Deside kwè batay pou fè respekte dwa Fanm se yon angajman mouvman feminis la ak patisipasyon tout lòt aktè ki kwè nan batay nap mennen an. Nou vle rive nan yon sosyete ekilibre, kote yo konsidere tout fanm tankou moun, tankou sitwayèn.   Lè sa, dwa tout moun ap respekte, Fanm kou gason. Nap kontinye reflechi e nap batay piti piti, pou Etat de droit  retabli nan peyi a.

Diktati se malè pandje sou lavi fanm yo!

Se Batay Fanm Kap Chanje Kondisyon Fanm

Jakmèl, 3 avril 2021

Marie Ange Noel, kòdonatris

Updated: 5 avril 2021 — 21 h 49 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.