KOMINIKE POU LAPRÈS : Fanm Deside kondane zak asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse

Nan maten mèkredi 7 jiyè 2021 an, peyi Dayiti leve ak nouvèl gwo atanta ki fèt sou rezidans prive ansyen chèf leta ilegal Jovenel Moïse, ki retire lavil ak blese grav ansyèn premyè dam repiblik la Martine Moïse.

Fanm Deside kondane kalite krim revoltan sa pandan nou pwofite prezante kondeleyans bay fanmi ak zanmi ansyen prezidan an ki touche ak peryòd dèy sila.

Nap raple, Fanm Deside toujou leve kanpe epi denonse  move konjonkti, move gouvènans, banalizasyon lavi moun, masak nan katye popilè yo ak itilizasyon vyolans kòm zam pou regle zafè politik nan peyi a. Nou pa ka kontinye ap konte zak kriminèl ak kadav chak jou pi plis, sitou gwoup bandi ame kap sakrifye moun san rete. Nou rive nan limit pou mete fen ak rèy enpinite sa.  Fok gen zero tolerans kont bandi ansanm ak kowonpi kap finanse yo.

Fanm Deside ap mande enstans ki gen responsabilite pou mennen bon jan ankèt sou zak asasinay sa pou jwenn tout aktè ki enplike yo. Nap mande lajistis mennen ankèt kòmsadwa sou tout lòt zak asasinay malonèt ki fèt nan peyi a, fè limyè sou tout ankèt ki kòmanse depi plizyè lane ki pa janm abouti, yon fason pou tout lòt viktim yo jwenn jitis.

Nap pwofite swete bon retablisman ak Martine Moïse ki konte pami temwen okilè ki kapab ede nan tabli laverite nan sa ki pase a.

Lavi tout moun konte, fòk tout moun jwenn jistis !

Ann kanpe djanm pou remet peyi a sou ray !

Kòdinsayon Fanm Deside, 9 jiyè 2021

Updated: 9 juillet 2021 — 19 h 51 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.