NÒT DENONSYASYON MOVE TRÈTMAN AK DEPÒTASYON MASIV MIGRAN AYISYEN AK AYISYÈN SOU FWONTYÈ PEYI ETAZINI

Fanm Deside konstate avèk anpil desepsyon, doulè, regrè fason otorite fwontalyè ameriken ap trete sè nou, frè nou ansanm ak pitit yo ki kouri kite peyi Dayiti pou move kondisyon lavi. Depi plizyè lane, anpil jenn fanm ak jenn gason al pran refij yo nan peyi vwazen an, nan amerik latin ak nan karayib la, pou chèche sekirite ak yon lavi miyò. Yon sityasyon ki deja akouche yon bilan anmè pou konpatriyòt ayisyen ak ayisyèn yo, kote grangou touye yo sou wout, fanm ak ti fi yo viktim vyolans seksyèl, rivyè pote yo ale, bèt sovaj manje yo nan forè…

Dènye evenman k ap pase nan antre Teksas la, montre kalite move trètman gad fwontalyè yo ap bay migran yo ki rete bloke anba pon an. Yo pa trete migran yo nan diyite ak prensip dwa moun. Yo ranmase yo pa pakèt mete nan prizon epi voye yo retounen nan peyi yo. Nap raple se ensekirite san pran souf, kriz politik ki pa janm fini ak gang kap miltipliye chak jou nan fè lalwa anba je Leta ki manke efikasite nan aksyon l yo, ki lakòz migran ayisyen al sibi imilyasyon ak diskriminasyon nan men lòt peyi.

Anpil tole ap fèt nan Laprès entènasyonal pou montre ke se ayisyen sèlman ki konsène nan pwoblèm migratwa, alòske gen migran divès lòt nasyon ki nan menm sityasyon an tou. Se yon gwo kriz migratwa kap devlope nan rejyon amerik ak karayib la. Tout peyi kapab pwoteje teritwa yo, men pwoblematik sila pa dwe bay otorite amerikèn ak lòt peyi ki konsène yo jarèt pou maltrete epi vyole dwa migran yo. Sitwayen ak sitwayèn yo gen dwa pou mande azil lè yo santi lavi yo an danje, dwa pou yo ale viv yon kote y ap santi yo an sekirite. Menm si anpil ladan yo gen estati illegal, migran yo rete moun nan tout diyite yo. Migrasyon se yon dwa, li pa ka sèvi kòm mwayen pou mete moun nan esklavaj.

Se pou sa Fanm Deside ap mande tou ak Òganizasyon Nasyonzini, entans entènasyonal konsène yo prese prese pwononsel sou sitiyasyon malouk sa kap devlope sou fwontyè meksik ak Etazini an, pou fè dirijan peyi sa yo respekte dwa migran yo ak migrant yo, menm jan ansanm konvansyon rejyonal ak entènasyonal nan zafè dwa moun mandel la,  tankou : deklarasyon invèsèl dwa moun nan atik 13,14 elatriye, pak entènasyonal konsènan dwa sivil ak politik yo, pak entènasyonal konsènan dwa sosyal ak kiltirèl yo, konvansyon entènasyonal nan dat 18 desanm 1990 sou proteksyon dwa travayè migran ak migrant yo ak manm fanmi yo ki antre an vigè nan dat premye jiyè 2003, konvansyon Nasyonzini nan dat 28 jiyè 1951 ki antre an vigè nan dat 22 avril 1954, sou estati refijye yo, pou nou site sa yo sèlman. 

Nap mande leta ayisyen pou pran responsabilitel nan jesyon relasyon politik ak diplomatik k ap ede rezoud pwoblèm nan.  Otorite leta yo dwe bay bon jan akonpayman ak  ayisyen ayisyèn yo depòte ki deja retounen nan peyi a. Li enpòtan pou tout sektè nan lavi nasyonal la pran konsyans sou fason inegalite sosyal, ekonomik ak politik yo, kreye yon sistèm agresif kap toufe mas defavorize a epi lagel nan mizèrere. Pou genyen estabilte k ap favorize ekilib Sosyal nan peyi, fòk nou goumen pou chavire sistèm sa.

Viv Batay pou chanjman Peyi Dayiti!

Viv batay ki vize kraze sistèm k ap toufe mas pèp la!

Marie Ange NOEL

Kòdinsayon Fanm Deside

Updated: 13 janvier 2023 — 19 h 57 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *