Deklarasyon Fanm Deside nan okazyon selebrasyon Jounen 8 mas

 « Rezistans Feminis, yon Pilye pou n Kontinye Batay Kont Vyolasyon Dwa Fanm ak Tifi”

Konferans pou Laprès nan okazyon 8 mas

8 mas, Jounen Entènasyonal lit pou Dwa Fanm,  se dat ki mete kanpe divès lit mouvman feminis la pou respè dwa fanm yo. Yon jounen ki rasanble  tout gwoupman, asosyasyon fanm ak militant feminis nan peyi Dayiti tankou lemond antye, pou fè bilan mouvman an ak poze aksyon pou  ranfòse lit fanm yo. 

Nan lemond jounen 8 mas la yo pale sou tetnoloji, inovasyon ak dwa Fanm , paske nan lane 2022 Linyon Intènasyonal kominikasyon te estime gen 62 % gason  kont 57% fanm ki itilize entènèt, majorite gason yo fè konsepsyon yo rantre kob, fanm yo se konsomatè kontni epi chif sa yo, se te nan peyi ki pi avanse yo.

 Nan peyi d’Ayiti lè nap gade kalite konjonkti nap viv laak sitiyasyon lavi fanm kap degrade chak jou kap pase, Fanm Deside chwazi chita reflechi sou tèm, « Rezistans Feminis, yon Pilye pou n Kontinye Batay Kont Vyolasyon Dwa Fanm ak Tifi », yon fason pou atire atansyon tout moun nan lavi nasyonal la sou revandikasyon popilè yo sitou revandikasyon fanm yo ki pa janm rive ateri. Se yon jounen refleksyon ak aksyon pou kore dwa fanm yo pou Batay pou egalite nan dwa, egzije gwo chanjman ak lot apwoch entegre ki pou pote solisyon nouvo. Nan yon mond dijitalize fason nap viv , fason nap travay dwe chanje.

Konferans pou Laprès nan okazyon 8 mas

Nan kontèks nap viv jounen jodya, gouvènman Ariel Henry a pa bay priyorite ak divès pwoblèm popilasyon ap konnen nan dènye tan sa yo. Li pa pran okenn mezi pou lite kont vyolasyon, enpinite, enjistis sosyal ak diskriminasyon fanm yo ap fè fas.  Chak jou nap sibi pwa dominasyon sosyal, politik ak ekonomik, mete sou gwo kriz ensekirite jeneralize kap dekapitalize anpil fanmi nan popilasyon an. Bandi ame pa sispann simen latwoublay nan kidnape, vyole, touye moun. Lapolis kòm enstititsyon ki la pou  garanti sekirite ak pwoteksyon ajenou, bandi kidnape, touye ak imilye kadav polisye sou pil fatra.    

Nou wè kijan puisans enperyalis yo menase lapè nan mond la pou regle koze kapitalis yo. Yap mache ame peyi sou pretèks yap defann sekirite yo alòske yap jere enterè estratejik yo.

Nap pwofite gade Dwa Fanm yo ak aksè pou yo jwenn jistis pandan nap ba yo tout enfòmasyon sou fason yo kapab defann tèt yo ak enterè espesifik yo.

Nan okazyon jounen 8 mas la, nou menm fanm òganize, nou menm feminis, nou renouvle angajman nou nan batay pou emansipasyon ak liberasyon fanm yo nan peyi a, tout fanm ki santi dwa yo bafwe. Fòs nou se nan batay, batay pou respè dwa moun, batay pou egalite ak ekite, batay pou yon demen miyò, batay pou nou jwi dwa nou, batay pou jistis sosyal,batay pou lapè ak sekirite, batay pou solidarite, batay pou mouvman fanm nan reziste. Si nou ka gen mouvman fanm nan peyi a, si tifi ka espere egzèse pwofesyon li vle, si nou ka òganize nou, se gras ak rezistans, yo pat janm fè nou kado.

Pandan nap salye memwa tout potorik fanm ki te reziste pou nou la, Fanm Deside envite nou kontinye reziste epi  pa janm bliye se Batay Fanm kap chanje kondisyon Fanm!

Jakmèl, 8 mas 2023

Marie Ange Noel

Kòdonatris

Updated: 8 mars 2023 — 20 h 59 min

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.