Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn
3 avril 1996-3avril 2023 fè 27 lane depi dat 3 avril la te konsakre pou make Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn yo. Gras ak rezistans fanm yo te mennen depi nan tan lakoloni pou respè dwa yo ak patisipasyon yo nan batay pou demokrasi tabli nan peyi a, Fanm ayisyèn yo gen plas yo nan sosyete a.
3 avril 1986, aprè depa diktatè rejim Duvalier a, anpil gwo mach te reayalize nan divès kwen nan peyi a pou egzije patisipasyon fanm nan tout nivo, tout kote desizyon ap pran nan peyi a. Nan okazyon senbolik sa, fanm yo te mande pou kat la rebat paske fanm yo toujou prezan kòm avangadis pou defann demokrasi, pou defann dwa tout moun espesyalman dwa fanm yo. Anpil nan nou viktim zak represyon. Anpil nan nou tonbe. Paske nou kwè yon sosyete miwo miba se yon antrav pou bon devlopman sosyete sa a. Se pousa nan lokazyon jounen 3 avril, Fanm Deside ap salye memwa chak fanm ki tonbe nan kanpe goumen pou respè dwa yo, goumen pou demokrasi tabli anndan peyi a.
“Nap kontinye fè Rezistans Feminis, Nap kontinye Defann Dwa nou”,se tèm Fanm Deside kenbe pou make 3 avril, “Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn”
Si avan 1986 se te militè, manm fòs lame Dayiti ki te konn maspinen ak teworize popilasyon an, jounen jodya se sivil ame ki menase epi fè represyon sou mas pèp la, sitou fanm yo.Kontèks malouk la vin miltipliye menas ak anje yo pi plis sou travay òganizasyon feminis yo, paske gwoup sib nou yo (fanm ak tifi yo) fè pati kategori moun ki plis touche pa sityasyon kriz imanitè ak gwo enpak pwoblèm politik yo. Fanm ak tifi yo plis ekspoze ak vyolans sou tout fòm, dwa yo pa sispann bafwe. Sa lakòz demand yo vin anpil alòske mwayen pou nou menm òganizasyon feminis yo bay reponsvin pi redwi.Nan sak gade gouvènans, pa janm gen anyen ki fèt pou konble videpi ranfòse enstitisyon yo.
Fanm Deside ap diDwa Fanm pa ka ateri nan Kontèks kriz sosyopolitik san fen, si:
• Pa genyon leta konpetan ak responsab nan etablisman bon gouvènans kap retabli lapè ak sekirite pou pote estabilite nan peyi a;
• pa gen yon lòt pwojè sosyal ki gen plis ouvèti kote tout sektè enplike, fanm tankou gason;
• Pa gen yon pwogram sosyo-ekonomik dirab, ki gen ladann kreyasyon travay pou fanm, san yo pap bliye fanm kap viv nan zòn riral yo;
Pou mouvman feminis la:
- Kreye yon espas asosyatif ak pledwaye pou adrese pwoblèm fanm yo, jan sa te konn fèt nan KONAP;
- Fè rezotaj nan nivo nasyonal ak entènasyonal pou fè tande vwa nou
- Dokimante epi achive gany fanm yo, reyalite fanm yo ap viv , pou fè listwa;
- Kontinye fè rezistans nan egzije patisipasyon fanm nan tout nivo nan vi Nasyonal la
Fanm Deside raple nou se sèl rezistans feminis kap fè respekte Dwa fanm yo.
Nou pap bay legen nan batay la, viktwa final se pou Fanm yo!
